Mwayen Oryan
Netanyahu Bay Siy li ap Mache ak Plan Trump pou Wetire Palestinyen yo nan Gaza

JERIZALÈM (AP) — Premye Minis Izrayèl la, Benjamin Netanyahu, bay siy li ap mache ak pwopozisyon Prezidan ameriken an, Donald Trump, pou transfere popilasyon palestinyen an soti nan Gaza. Netanyahu dekri sa kòm “sèl plan ki posib pou pèmèt yon avni diferan” pou rejyon an.
Li te diskite sou plan an dimanch ak Sekretè Deta ameriken Marco Rubio, ki t ap kòmanse yon vizit nan Mwayen Oryan an. Rubio apiye objektif lagè Izrayèl la nan Gaza epi li deklare Hamas “dwe elimine.”
Sa mete plis dout sou yon trèv ki deja frajil, paske dezyèm faz negosyasyon yo poko kòmanse. Rubio pral vizite kèk gwo aktè rejyonal, tankou Arabi Saoudit ak Emira Arab Ini.
Rubio ap Dirije yon Delegasyon Ameriken nan Arabi Saoudit pou Negosyasyon ak Larisi sou Ikrèn

WASHINGTON (AP) — Yon responsab ameriken di Sekretè Deta Marco Rubio ap dirije yon delegasyon nan Arabi Saoudit nan jou k ap vini yo pou fè negosyasyon dirèk ak otorite ris yo pou wè si ya jwenn yon fen nan envazyon Moskou a nan Ikrèn.
Pèsonalite ofisyèl sa a di Konseye pou Sekirite nasyonal la, Michael Waltz, ak anvwaye espesyal Steve Witkoff espere patisipe tou nan negosyasyon yo nan Riyad.
Sous la, ki pa otorize pou l bay detay sou negosyasyon yo, pale sou kondisyon pou yo pa site non l. Li ajoute administrasyon an wè negosyasyon sa yo kòm yon premye faz ki toujou ap evolye, epi moun ki finalman ap chita bò tab la pou diskisyon yo ka chanje.
Rubio Pral Rankontre Otorite Ris, Ikrenyen nan Arabi Saoudit

Ofisyèl ameriken yo te di Samdi, plizyè gwo ofisyèl administrasyon Trump, ki gen ladan Sekretè Deta Marco Rubio, pral fè yon chita pale nan Arabi Saoudit ak negosyatè Ris ak Ikrenyen pou eseye mete fen nan lagè a.
Konseye sekirite nasyonal prezidan an, Mike Waltz, anvwaye espesyal pou Mwayen Oryan Steve Witkoff, ak Sekretè Deta Marco Rubio pral vwayaje nan Arabi Saoudit, dapre sa ofisyèl yo te di nan yon deklarasyon san yo pa bay plis detay.
Plan Trump pou Gaza: Somè Arab la Ap Fèt nan Riyad 20 Fevriye

Somè senk peyi arab yo, ki vize prepare yon repons pou plan prezidan ameriken, Donald Trump, ki prevwa deplase Palestinyen yo soti nan Fwontyè Gaza, ap fèt 20 fevriye, daprè sa yon sous saoudyen te di AFP.
Somè sa a ap reyini lidè Arabi Saoudit, Lejip, Emira Arab Ini, Katar, ak Jordani, ansanm ak Otorite Palestinyen, "pou analize plan Trump lan an pwofondè epi prepare yon repons arab," selon menm sous la.
Materyèl Konstriksyon Pare pou Antre nan Gaza Depi Peyi Lejip

Plizyè dizèn bouldozè ak gwo kamyon chaje ak materyèl konstriksyon te aliyen jedi sou bò Lejip nan pasaj fwontyè Rafah, anvan yo antre nan Bann Gaza, ki fin kraze akòz lagè ant Izrayèl ak Hamas, dapre sa yon medya ki pwòch sèvis ransèyman Lejip la rapòte.
Plizyè dizèn bouldozè ak gwo kamyon chaje ak materyèl konstriksyon te aliyen jedi sou bò Lejip nan pasaj fwontyè Rafah, anvan yo antre nan Bann Gaza, ki fin kraze akòz lagè ant Izrayèl ak Hamas, dapre sa yon medya ki pwòch sèvis ransèyman Lejip la rapòte.
Al-Qahera News tou fè konnen gen kamyon ki pote kay mobil ki estasyone nan pasaj la, pare pou antre nan teritwa Palestinyen an.
Trèv nan Gaza: Hamas Di li Vle Toude Pati yo Respekte Akò a

Hamas te deklare jedi li vle kontinye mete an aplikasyon akò trèv ak Izrayèl la, men sa depann si Izrayèl respekte obligasyon li yo tou.
Sepandan, gen yon blokaj sou pwochen echanj prizonye ki te dwe fèt samdi, sa ki menase trèv nan lagè a.
"Nou pare pou mete (akò a) an aplikasyon epi fòse fòs okipasyon an (Izrayèl) pou li respekte l nèt", se sa Abdel Latif al-Qanou, pòtpawòl mouvman islamis palestinyen an, te deklare nan yon kominike.
"Medyatè yo ap mete presyon (...) pou pwosesis echanj otaj yo rekòmanse samdi" nan bann Gaza, kote yo ta dwe echanje otaj kont Palestinyen ki fèmen nan prizon Izrayelyen yo, tèks la ajoute.
Gaza: Ejip Di Li Pral Prezante yon "Vizyon" pou Rekonstwi Gaza san Deplasman Palestinyen

Ejip planifye pou "prezante yon vizyon konplè pou rekonstriksyon" nan bann Gaza ki garanti Palestinyen yo rete sou tè yo, dapre ministè afè etranjè ejipsyen an madi swa.
Ejip "espere kolabore" ak administrasyon Prezidan ameriken Donald Trump sou kesyon an, apre li te di li ta ka kanpe èd yo bay Ejip ak Jòdani si yo refize kolabore ak plan li pou pran kontwòl bann Gaza epi deplase popilasyon an nan peyi yo.
Prezidan Ejipsyen an Repete li Kont Deplasman Palestinyen Gaza yo

Prezidan Ejipsyen an, Abdel Fattah al-Sissi, mande madi pou rekonstriksyon Gaza "san deplase Palestinyen yo," apre Donald Trump te di li ka sispann èd li bay Ejip ak Jòdani si peyi sa yo refize resevwa Gazawi yo.
Pandan yon apèl telefòn ak premye minis Danwa a, Mette Frederiksen, Sissi mete aksan sou "nesesite pou kòmanse rekonstriksyon Gaza (...) san deplase Palestinyen yo e nan yon fason ki prezève dwa yo pou viv sou tè yo," daprè yon kominike biwo li te pibliye.
Prezidan Ejipsyen an repete kreyasyon yon eta Palestinyen bò kote Izrayèl se "sèl garanti pou reyalize yon lapè dirab" nan Mwayen Oryan an.
Semenn pase a, pandan li te nan Washington ak Benjamin Netanyahu, prezidan ameriken an te deklare Etazini pral pran "kontwòl" Gaza pou rekonstwi li epi devlope li ekonomikman. Li te pwopoze pou Gazawi yo ta deplase Jòdani oswa Ejip.
Plan Trump lan te pwovoke gwo kontestasyon sou plan entènasyonal epi li te rejte pa Palestinyen yo, Jòdani ak Ejip, ki se pami pi gwo benefisyè èd ameriken an.
Malgre sa, prezidan ameriken an rete konvenki Jòdani ak Ejip ap fini pa aksepte resevwa Palestinyen yo.
"Mwen panse mwen ka fè yon akò ak Jòdani. Mwen panse mwen ka fè yon akò ak Ejip. Nou ba yo milya ak milya dola chak ane," Trump te di.
Lendi, ministè afè etranjè Ejip la te voye jete "nenpòt konpwomi" ki ta ka vyole dwa Palestinyen yo, sitou dwa yo genyen pou "rete sou tè yo," apre yon rankont ant chèf diplomasi Ejipsyen an, Badr Abdelatty, ak tokay ameriken li, Marco Rubio, nan Washington.
- Jean Robert Phillipe
Konseye Sekirite Nasyonal Trump la Defann Plan Prezidan an pou Pran Kontwòl Gaza
Konseye pou Sekirite Nasyonal Etazini an, Mike Waltz, reponn kritik yo yè dimamch la sou plan prezidan Trump sigjere Etazini pran kontwòl teritwa Gaza a.
Trump di Palestinyen yo 'Pap Gen Dwa Tounen Gaza' Anba Plan Ameriken an

Prezidan Etazini Donald Trump di Palestinyen nan Gaza yo pap gen dwa tounen anba plan li genyen pou Etazini "pran kontwol" teritwa sa a ke lagè finn ravaje.
Sa kontredi sa lot responsab administrasyon Trump la ki eseye fè konprann prezidan an tap mande sèlman pou deplase pwovizwaman popilasyon Palestinyen an.
Mwenske yon semèn apre li te pale sou plan li pou Etazini pran kontwol Gaza epi fèl tounen "Kot d Azur Mwayèn Oryan an", Trump te deklare "non yo pap kapab", lè jounalis yo te mande l si Palestinyen Gaza yo ap gen dwa tounen sou teritwa a.
Trump fè komantè sa yo pandan yon entèvyou ak jounalis FOX News Bret Baier, ke rezo televizyon an ap difize Lendi.
Hamas Libere 3 Otaj Izrayelyen an Echanj pou Prizonye Palestinyen

Militan Hamas yo lage 3 otaj Izrayelyen ki mèg kou kaw pandan ke Izrayèl libere 183 prizonye Palestinyen nan 5èm boukantaj ki fèt anba seselfe ki kanpe goumen nan Gaza.
Kondisyon otaj yo ak sèn kote Hamas tap fòse yo pale pandan echanj la soulve kòlè nan Izrayèl.
Sa taka ogmante presyon pou Premye Minis Benjamin Netanyahu pwolonje seselfe a pou plis pase 6 semèn - ki se antant ki egziste kounyea.
Plan Prezidan Ameriken Donald Trump ki fè tout moun sezi pou transfere popilasyon Palestinyèn nan sòti nan Gaza pa sanble afekte faz sa a nan seselfe a.
Sepandan sa taka konplike negosyasyon kap dewoule sou dezyèm faz la ki pral pi difisil.
Washington Anonse Li Vann Izrayèl Zam Ki Vo Plis Pase $7 milya

Lèzetazini anonse vandredi 7 freviye ke li te apwouve lavant bonm, minisyon ak misil ki vo yon total de$ 7.4 milya ke yo bay Izrayèl, ki te itilize zam Ameriken nan lagè nan Gaza.
Akò zam yo gen ladann lavant bonm, wokèt ki vo $6.75 milya, ansanm ak misil Hellfire ki vo $660 milyon, dapre sa Ajans Koperasyon Sekirite Defans Ameriken an te di.
Trump: Se Izrayèl Ki Pral "Remèt" Etazini Gaza Yon Fwa Lagè a Fini

Sou Truth Social Prezidan Ameriken an ekri "Nou p ap gen bezwen pou okenn sòlda Ameriken! pral gen estabilite nan rejyon an !!!"
Prezidan Repibliken an te di ke " se Izrayèl ki pral remèt Etazini bann Gaza , lè yo fini ak batay la," e li ajoute ke lè sa a, Palestinyen "pral deja ale nan kominote ki pi an sekirite ak pi bèl ak nouvo kay modèn nan zòn nan."
"Etazini, ap travay ak gwo ekip ki bon nan devlopman imobilye atravè mond lan, pou kòmanse bati sa ki ta youn nan pi bèl pwojè imobilye sou planèt la" .
Prezidan Donald Trump te lakòz yon gwo pale anpil nan kominote entènasyonal la apre deklarasyon li te fè Madi pase a kote li te anonse, an prezans Premye Minis Izrayelyen an Benjamin Netanyahu pandan vizit li Washington, ke Etazini pral pran "kontwòl alontèm" Bann Gaza a.
"Nou pral fè yon bon travay. Nou pral pran posesyon li,"se sa li te di nan yon konferans pou laprès.
Li pa t presize ki kote egzakteman Palestinyen yo pral relokalize, oswa ki moun ki ta evantyèlman viv Gaza apre rekonstriksyon li.
Trump Di Etazini Ap Pran Kontwòl Gaza
Prezidan Donald Trump deklare li vle Etazini pran kontwòl Gaza. Yon deklarasyon ki ale pi lwen pase sa li te di anvan pou fòse moun Gaza yo deplase pou ale nan peyi vwazen tankou Jòdani ak Lejip.
Gaza "se pou Palestinyen yo", Berlin Reponn Deklarasyon Trump yo

Bann Gaza "se pou Palestinyen yo" e li dwe, menm jan ak Sijòdani e Jerizalèm Ès, fè pati "Leta Palestinyen dwe genyen nan lavni an", se sa minis Afè etranjè Almay la te reponn mèkredi sou deklarasyon Donald Trump fè pou l di Etazini ta kapab pran kontwòl Gaza.
"Yo pa dwe mete popilasyon sivil Gaza a deyò, e Gaza pa dwe okipe pandan lontan oswa kolonize ankò," se sa Annalena Baerbock deklare nan yon kominike.
Facebook Forum