Administrasyon Prezidan Donald Trump te bay lòd pou kanpe sistèm fe moun peye pou dekonjesyone anbouteyaj nan Vil Nouyòk la.
Prezidan Donald Trump menase pou l enpoze yon tarif 25% sou machin peyi etranje voye vann Etazini.
Gouvènè Eta New York la, Kathy Hochul, te deklare lendi li ap anvizje wetire majistra New York City, Eric Adams, nan pòs li apre kat nan prensipal adjwen li yo anonse demisyon yo.
Nan okazyon selebrasyon Jounen Prezidan yo ( President Day ), Valerio Sant-Louis te mande kèk moun nan New York ki prezidan yo pi prefere?
Minis Jistis Etazini Pam Bondi depoze yon plent kont eta New York la devan Lajistis paske ofisyel yo pa respekte denye politik sou imigrasyon ke admninistrasyon Trump la ap aplike.
Pakèt dekrè prezidansyèl-yo ak nouvo politik administrasyon Trump la genyen anpak sou anpil kominote pami-yo kominote ayisyèn nan Nouyok, kote pwopriyete biznis Ayisyen yo di lavant yo bese.
Depatman Jistis bay lòd pou pwokirè federal yo abandone akizasyon koripsyon kont Majistra New York la Eric Adams epi mete fen nan ankèt k ap fèt sou li a.
Ogmantasyon nan depotasyon ICE ap fe nan Nouyok, lakoz responsab Ayisyen nan vil la pran dispozisyon pou ede migran Ayisyen yo.
Manifestasyon nan plizyè eta Ozetazini pou denonse politik ak dekrè Prezidan Donald Trump pran yo.
Pòtpawòl Nasyonzini, Stephane Dujarric deklare ke Etazini Jele kontribisyon li pou fòs sekirite miltinasyonal Ayiti ki an tèt li peyi Kenya Ayiti a , Valerio Saint Louis Depi New York gen detay.
Sekretè Deta Ameriken an kòmanse yon toune nan Amerik di Sid la Dimanch ki sot pase la Sekretè Deta Ameriken Marco Rubio te fe yon vizit nan peyi Panama
Operasyon ajans Imigrasyon ICE nan New York kreye panik nan kominote ayisyen an, Valerio Saint-Louis pren kek reyaksyon nan lari Brooklyn
Dekrè sou imigrasyon ke Donald Trump siyen gen yon enpak dirèk sou òganizasyon k ap sèvi kominote imigran nan New York, Valerio Saint-Louis te vizite sant kominote ki rele HAUP pou konpran ki enpak dekrè yo gen sou yo
Dekrè Prezidan Donald Trump siyen pou mete fen nan dwa moun genyen pou yo sitwayen ameriken depi yo fèt Ozetazini kòmanse yon deba legal e politik sou pouvwa egzekitif la fas ak 14yèm Amandman Konstitisyon an, ki garanti dwa sitwayènte pou nenpòt moun ki fèt sou tè ameriken.
Ajan imigrasyon nan Eta Maryland ap arete moun yo sible pou yo voye tounen nan peyi yo.
Prezidan Konsèy prezidansyèl tranzisyon (KPT) an, Leslie Voltaire, jistifye rankont li ak Pap François, samdi 25 janvye 2025 la, nan Vatikan. Nimewo 1 KPT a di: « M ap frape pòt moun ki renmen Ayiti. Pap la renmen Ayiti. Li pa ka tann pou l ede ».
Fanmi imigran yo enkyete pou voye timoun yo lekòl pandan Prezidan Donald Trump ap enpoze restriksyon toupatou Ozetazini.
Konsey Sekirite LONU an fè yon rankont pou diskite sou sityasyon Ayiti Mèkredi 22 Janvye. Chèf BINUH a, Maria Isabel Salvador di tranzisyon an toujou frajil.
Prezidan Donald Trump siyen plizyè dekrè ki gen pou wè ak imigrasyon premye swa li sou pouvwa a. Pami yo gen anilasyon aplikasyon CBP One nan kote migran ka pran randevou pou mande azil Ozetazini.
Plizyè sitwayen ameriken te debake Washington DC nan Kad envestiti Prezidan Donald Trump Yo Te pale nan Mikwo VOA Kreyòl.
Load more