Ansyen Minis Afe Etranje Ayiti, Claude Joseph pale sou konfli Ayiti-Repiblik Dominiken nan kote li di femti fwontye a vize "dekapitalize Ayisyen yo." Renan Toussaint te asiste konferans de pres li a.
Ex-Senatè Nenel Cassy lanse apèl bay aktè politik yo pou yo pran konsyans de sa pèp Ayisyen an ap viv la, epi kole tèt ansanm pou jwenn yon solisyon pou kriz politik la.
Oganizasyon dwa moun CARDH ,atravè yon rapò li pibliye madi 10 Oktob 2023, swete misyon miltinasyonal soutyen sekirite a debake Annayiti. Renan Toussaint, depi Pòtoprens
Polis Nasyonal Ayisyen nan fè konnen lap travay pou reprann kontwol zon tankou Kafou Fèy, ki anba kontwol gang ame yo. Korespondan nou nan Pòtoprens, Renan Toussaint, gen detay.
Nan Potoprens, plizye responsab Ayisyen reyaji sou etablisman relasyon diplomatik ak Kenya epi plan pou voye yon fos miltinasyonal nan peyi a pou ede PNH jere ensekirite a.
Pandan yon manifestasyon li te oganize nan Potoprens Dimanch 17 Septanm, ansyen minis Ayisyen Claude Joseph kritike Premye Minis Ariel Henry pou move jestyon peyi d Ayiti.
Lidè pati politik Fos Nasyonal pou Demokrasi reyaji apre gouvènman Dominiken an fèmen fwontyè 2 peyi yo pataje vandredi 15 Septanm nan. Renan Toussaint
Gwoup dapui rapatriye ak refijye (GARR) mande otorite ayisyèn ak dominikèn yo chita ansanm nan kad aplikasyon trete 20 fevriye 1929 la ki dwe konsolide akselerasyon travay konstriksyon kanal irigasyon rivyè masak la. Renan Toussaint, ap prezante nou, yon repòtaj.
Ex-Minis Afe Etranje Ayisyen Claude Joseph kritike Premye Minis Ariel Henry, deske li pa fe anyen pou ede viktim zak vyolans gang yo kap ogmante pi plis chak jou nan zon Potoprens.
Yon delegasyon CARICOM rive Ayiti Lendi 4 Septanm pou yon vizit ki pral dire jiska 10 Septanm. Renan Toussaint gen detay ak reyaksyon sou objektif vizit sa a.
Nouvo dèy nan kan PNH kote polisye Jean Claude Orleans tonbe anba bal nèg ame, nan aprè midi lendi 28 out 2023,nan ri lama. Sa fè 4 polisye ki mouri nan mwa out sa a.yon repòtaj ak
Anviwon mil 2,187 moun pèdi lavi yo soti mwa janvye pou rive kote n ap pale la a selon yon rapò sant analiz ak rechèch an dwa de lòm pibliye vandredi 25 Out 2023. Renan Toussaint, ap prezante nou yon repòtaj depi Pòtoprens.
Gouvènman Ayisyen an fè konnen fos miltinasyonal ki ta dwe debake an Ayiti sou lidèship peyi Kenya a, pap vin ranplase lapolis nasyonal Ayisyèn nan, kontrèman ak san anpil moun ap di. Detay ak korespondan nou nan Potoprens, Renan Toussaint.
Meteyo fe konnen Tanpet Twopikal Franklin, ki chita sou Repiblik Dominiken, taka koze inodasyon ak eboulman nan peyi d Ayiti.
Ansyen senatè Ayisyen Nenel Cassy akize gouvènman Premye Minis Ariel Henry an dèske li pa gen volonte pou rezoud kriz peyi d Ayiti.
PNH - Polis Nasyonal Ayiti komemore 28em anivese li 12 Jyen. Wo komandman enstitisyon an mande popilasyon an kontinye kolabore ak fos lod yo pou eradike gang ame yo.
Premye Minis Ariel Henry vwayaje nan Bahamas pou asiste yon rankont lide CARICOM yo ak Vis Prezidant Etazini, Kamala Harris. Ann atandan, se minis finans la kap jere peyi a, dapre Primature la.
Responsab òganizasyon dwa moun Ayisyen fè konnen mouvman "Bwa Kale" kote popilasyon an ap kwape gang kontinye bay bon rezilta. Dapre konsta ki fèt zak banditism ak kidnapping bese anpil.
Pati politik Ayisyen VIV AYITI mande otorite yo asime responsabilite yo pou evite twop inosan viktim nan operasyon "Bwa Kale a".
Nan Potoprens, yon fowòm 2 jou sou sekirite sosyete sivil ayisyèn nan, dyaspora a , sektè prive dè zafè a kont vyolans kominotè, louvri vandredi 19 Me 2023 a. Renan Toussaint,ap swiv pou nou,depi Pòtoprens.
Load more