Prezidan Etazini Joe Biden ak Prezidan eli Donald Trump reyaji sou efondreman rejim Bashar al-Assad la nan Siri. Etandone enterè estratejik li yo nan Mwayen Oryan an, Etazini ta dwe swiv ak anpil atansyon sa k ap pase nan Siri a.
Nan Anbasad Ayiti nan Washington DC Plizyè Ofisiyèl Ayisyen, Ameriken ak Manm Sektè Prive Ayisyen an te Reyini pou Diskite sou Posibilite pou Kongrè Ameriken an Renouvle Lwa Hope/Help la ki se yon Lwa ki Anpeche Kèk Faktori ki Fè Rad An Ayiti Peye Taks.
Kèk imigran ki gen laperèz rete Meksik, ki gen laperèz politik Trump pral aplike, ap chèche retounen lakay yo.
Timoun Ayiti yo paka tann: Sipòte estabilite, rezistans ak pwosperite ann Ayiti, se sou tèm sa yo yon reyinyon ijans òganize nan Nasyonzini pou jwenn yon solisyon sou sityasyon Ayiti a ki rann lavi timoun enposib.
Sid Texas rete youn nan destinasyon prensipal pou imigran minè ki poko gen 18 tan ki antre san dokiman legal oswa san yon granmoun. Malgre kantite a diminye pandan ane fiskal 2023-2024 la, parapò ak ane anvan yo, Malè pandye ki sou tèt timoun sa yo bay gwo enkyetid.
Prezidan eli Ameriken, Donald Trump, deklare sou kont Truth Sosyal li a, chwa li pou chèf fwontyè a "ap responsab pou depòte tout etranje ilegal nan peyi orijin yo.
Nan mwa me pase a, ansyen Prezidan Donald Trump te kondane anba 34 chèf akizasyon pou fo dosye biznis pou l te kache enfòmasyon ki te ka mete l nan pwoblèm anvan eleksyon 2016 la.
Nan mwa janvye 2025, Prezidan eli a, Donald Trump ap prete sèman ak yon kontwòl total Kongrè Ameriken an. Repibliken yo pral kenbe majorite nan Sena a ak Chanm Reprezantan an.
Nan moman Pandan Prezidan eli Donald Trump ap prepare pou l pran pòs, gen yon pwosesis byen kowòdone pou tranzisyon pouvwa a ant ansyen administrasyon an ak nouvo gouvènman an. Ekspè yo pataje opinyon yo sou fason gouvènman federal la ap prepare pou moman enpòtan sa a nan demokrasi Ameriken an.
Prezidan eli ameriken an, Donald Trump, chwazi yon ansyen alye pou dirije CIA ak yon etranje ke kèk moun wè kòm yon potansyèl danje pou sipèvize ajans entèlijans Ameriken yo pou dezyèm manda li.
Donald Trump pral antre nan Mezon Blanch lan an Janvye, men li ap mete an plas plan li politik nasyonal li pou 4 ane kap vini yo.
Depatman Deta ameriken di Washington dipoze travay ak nouvo Premye Minis Ayisyen Alix Didier Fils-Aime
Lame Izrayèl la kontinye ak Atak li yo li nan Gaza, Pandan Liban Atake yon vil Izrayelyen jodi Madi 12 Novanm 2024 la
Izrayelyen ak Palestinyen yo aplodi viktwa Donald Trump nan eleksyon prezidansyèl Etazini an.
Plizyè dizèn moun te manifeste kont viktwa Donald Trump nan eleksyon prezidansyel 5 Novanm nan devan anbasad Etazini nan vil Lond.
Lidè atravè mond lan felisite kandida pati Repibliken an Donald Trump apre pwojeksyon medya ameriken yo montre ke li genyen eleksyon prezidansyèl ameriken 2024 la.
Jeanty Augustin Junior te sou plas nan biwo vot ki sitye nan Central Library vil Arlington, Vijini, yon banlye Washington. Li rakonte nou kijan eleksyon an dewoule.
Moun Gaza ap suiv eleksyon prezidansyel Etazini yo ak anpil atansyon e yo di yo espere kelkeswa moun ki genyen an travay pou mete fen nan konfli Izrayelo-Hamas la.
Lame Izrayèl la ak Gwoup Hezbollaz la pa sispann boukante kout mòtye sou fwontyè ki separe Izrayèl ak Liban, sa ki lakòz anpil moun kontinye ap mouri. Yon lòt kote, Lame Izrayèl pa sispann pilonnen teritwa Gaza a.
Prezidan ejipsyen Abdel Fattah al-Sisi rankontre ak Direktè CIA Bill Burns nan Le “Caire” pandan medyatè entènasyonal yo ap prepare pou pwopoze yon trèv kout nan lagè Izrayèl-Hamas la.
Load more