Zuckerberg, chef Metavèse la pwofite de restriksyon Musk ap pran kont itilizatè Twitterpou lanse jodi Jedi 6 jiyè nouvo aplikasyon ki rele THREADS
Rete 2 semèn pou Ostrali ak Nouvèlzeland akeyi ouvèti ofisyèl koup dimond medam yo kap kòmanse 20 jiyè pou rive 20 dawout 2023.
Depi aprè lanmò Nahël, yon Jenn gason 17 lane, yon pati nan peyi lafrans paralize kote ke manifestan yo ap kraze-brize, boule, piye malgre ke kantite polisye yo plis ke double nan lari a.
Otorite Kanadyen ak ameriken kontinye ap fè rechèch sou soumaren Titan an yon fason pou pote pi bon enfòmasyon sou ensidan kite rive soumaren an kite lakòz 5 moun pèdi lavi yo
Anpil enkyetid sou 5 ka malarya ke sant kap kontrole sante nan etazini resanse anndan peyi a.
Metòd Po ak Po a, ki rele tou metòd kangouwou sove lavi anpil tibebe ki fèt prematire nan peyi kotdivwa.
Gad Kòt Ameriken ap mennen yon ankèt sou enplozyon Soumaren Titan an a pou detèmine kisa ki lakòz li enplode.
Apre palman peyi Uganda te adopte youn nan lwa ki sevè kont masisi ak madivin, kounya Kenya kapab swiv menm chimen sa pou tabli pwòp la pa li nan peyi a kont kominote LGBTQ a, kote plizyè manm kominote sa a deja kòmanse plenyen ke yo pa santi yo lakay yo.
Aprè deklarasyon ofisyèl 5 moun kite nan soumaren te mouri te gen anpil reyaksyon ki sòti, kote zanmi, kòlèg, ansyen patisipan elatriye
Sekouris yo mete fen nan rechèch yo tap fè pou jwenn 5 touris ki te disparèt depi dimanch abò yon ti soumaren nan moman yo ta pral vizite epav Bato Titanik la.
Plis pase 100 lane aprè Bato Titanic lan te plonje nan fon lanmè yon soumaren ki ta pral vizite debri yo disparèt.
Pou Jounen mandyal refijye yo Jeanty Junior Augustin te pale ak Yon Ayisyen kap viv Eta New Jersey.
Malgre se 19 jen ki se jou ofisyèl selebrasyon Juneteenth lan, anpil aktivite te tanmen nan divès vil etazini pi prezizeman nan Galveston,Texas kote evènman sa te jwenn non Juneteenth lan.
Ayiti Diaspora Collaborative ki regwoupe 12 òganizasyon prezante rezilta yon sondaj yo kòmanse depi novanm 2022 pou rive me 2023 sou dyaspora Ayisyen kap viv ozetazini.
Jonathan yon edityan Ayisyen kap fè yon metriz nan komikasyon politik nan American University ba nou enpresyon l sou sondaj Ayiti Collaborative Diaspora a ak sistèm politik Ayisyen an fe pou gade kijan yo ka ogmante enfluyans yo Ozetazini.
Prezidan FIFA a Gianni Infantino rankontre al Vinicius Jr ak kèk nan nan jwè ekip brezil la. Prezidan an te di Jounal Reuters, Vinicius Jr pral dirije yon komite espesyal FIFA anti-rasis kap gen ladann lòt jwè ki pral pwopoze sanksyon ki pi sevè pou konpòtman diskriminatwa nan foutbòl la.
Aktivis Orden David asiyen gouvenman Antigua pou mande l mete fen nan lwa anti-sodomi a. Ane pase a, Kou Siprem Karayib de Les la deside lwa sa a pa konstitisyonel. Viktwa sa a bay moun LGBTQ yo espwa pou yo chanje lwa ki egziste nan peyi pa yo.
Load more