Sosyete pou dwa imigrasyon ak jistis te òganize, nan North Carolina Central University, yon panèl diskisyon sou enpak sitiyasyon imigrasyon moman ann genyen sou kominote imigran yo.
Edine Celstin prezante nou Mirlesna Azor Sterlin, yon jen Ayisyen kap travay pou ede kominote Ayisyen an nan eta Kawolin di Nò.
Distri Hayti, yon kominote istorik Afriken-Ameriken nan vil Durham, Karolin di Nò, Non kominote a soti nan Omaj ak peyi Dayiti, premye repiblik nwa endepandan ki te yon senbòl liberasyon ak oto-detèminasyon pou kominote Nwa nan zòn nan.
Moun Kawolin di No oganize yon Mach pou Lapè pou Fèt Doktè Martin Luther King Jr. kote yo ranmase bagay pou moun ki nan bezwen yo.
Dyaspora Ayisyen eta Kawolinn di No toujou sonje twoma jou 12 Janvye 2010 la nan moman y ap komemore 15em anivèsè goudougoudou a.
Soup joumou premye janvye se youn nan tradisyon ayisyen pa renmen rate kèlke swa kote yo ye nan mond lan, pou sa Carolina Haitian women society te kase randevou ak ayisyen ki ap viv nan Kawolin di nò pou kole tèt ansanm pou make dat sa a.
Tradisyon lavèy premye janvye varye de yon peyi ak yon lòt, Pafwa nan menm peyi a li konn diferan pou chak zòn.
Hayti Legacy te òganize nan Hayti Heritage center tradisyon selebrasyon Kwannzaa yo. Ki se yon selebrasyon kote Afriken-Ameriken, reyini ansanm pou selebre kilti ak, istwa yo.
Fèt fen dane pou ayisyen nan peyi Etazini pa sèlman pote lajwa, men tou nostalji sitou lakay Sila ki pa gen lontan yo kite peyi yo. Ane sa a patikilyèman make ak enkyetid epi ensètitid sou chanjman ki ka genyen ane k ap vini an.
Si pou sèten moun dekorasyon nwèl se monte yon sapen pou kèk lòt li plis ke sa, gen yon seri moun ki angaje yo anpil nan dekorasyon fèt, yo envesti dè milye dola nan limyè ak plis ankò.
Koze Fanm: "Yvanne Vaughn, yon avoka imigrasyon dorijin ayisyèn.
End of Year sip and social se dènye rankont Carolina Haitian Women Society pou ane a, pou selebre, fè bilan epi prezante objektif yo. Sete okazyon tou pale de kokennchenn pwojè yo genyen pou lane kap vini an.
Nan North Carolina ayisyen yo mete sou pye plizyè aktivite spòtif pou make jou Aksyon Gras la ki se yon fèt tradisyonèl ameriken.
Ane sa make katriyèm edisyon Carolina Haitian Food Festival, yon festival manje ki fèt nan vil Chalòt nan Kawolin Dinò pou fè pwomosyon biznis ak kilti ayisyen nan kominote a.
Siklòn Helene lage gwo lapli epi koze inondasyon nan eta Kawolin di Nò.