Gouvènman ameriken an gen twa branch ki konpoze l. Yo chak la pou fè ekilib ak 2 lòt yo : Tribinal yo la pou bay jistis, Kongrè a la pou vote lwa, e pouvwa egzekitif la, ak prezidan an alatèt li, la pou fè aplike lwa yo.
Prezidan ameriken an, Donald Trump, pran lapawòl a distans, atravè yon lyen video, nan Forum Ekonomik Mondyal la, kap dewoule --nou di w li deja-- nan Davos, nan peyi Laswis.
Chwa Prezidan eli Donald Trump pou pòs minis Defans la, Pete Hegseth, jwenn rezistans nan men Demokrat yo nan Komisyon sou Fòs Ame nan Sena a. Pandanseta, Pam Bondi konparèt devan Komisyon Jistis nan Sena a, epi Marco Rubio devan Komisyon Afè etranjè a.