Josephine Baker, gwo vedèt Music-Hall e senbòl rezistans pou divès lit li te mennen avèk pasyon e jenewozite an favè nwa, an favè diyite lòm, resevwa yon gwo onè avèk entwodiksyon li nan Panteyon fransè a nan Pari, an Frans, madi 30 novanm 2021.
Seremoni an antre nan listwa paske se pou la premye fwa yon fanm nwa jwenn plas li nan Paneyon an bò kote pèsonalite sitwayen fransè yo pi renmen yo, konsitwayen yo ki make istwa peyi a. Men Baker tounen 6e fi ki antre nan gwo mozole sa a.
Prezidan Emmanuel Macron, ki te pran lapawòl nan seremoni an, mete aksans sou lit Josephine Baker, sou atachman li ak Lafrans, men sitou sou kote inivèsèl pèsonaj la ki, dapre Miyse Macron, pa te goumen pou yon klas, pou yon ras, men pou onè kretyen vivan, pou diyite lòm.
Josephine Baker, ki te yon amerikèn nwa, te viv e travay an Frans, e li te natiralize l fransèz apre maryaj li .
Josephine Baker te pran nesans le 3 jen 1906 nan Eta Mizouri, Ozetazini. An 1925, a 19 van, li te tounen yon vedèt paske li te pote konkou l nan efò nan popilarize jazz ak tout kilti nwa amerikèn nan an Frans. 1939, otorite yo te rekrite l kòm ajan sekrè, epi an 1942 li te jwenn grad sou-liyetnan nan lame de lè fransè a. Li te mouri nan dat 12 avril 1975.
Your browser doesn’t support HTML5
Sepandan kèk kritik di lè La Frans mete aksan sou yon pèsonaj ki te pran nesans Ozetazini, l ap kontinye yon tradisyon ki la lontan kote li kritike rasism nan peyi etranje, tandiske li pa fè anyen pou l jere menm pwoblèm nan lakay li.
Desizyon pou onore Josephine Baker yon fason ki atire atansyon, brake limyè a an menm tan sou gwo divizyon ki egziste ant doktrin ofisyèl La Frans -kote li pa bay koulè po okenn enpotans- ak opozisyon an ki pa ezite kritike sa li konsidere kòm yon rasism sistematik ki egziste nan peyi a.
Men finalman Josephine Baker antre nan listwa pou lit li, pou rezistans li, talan li ak yon vwa ki, n ap raple sa- te chante Ayiti, Ayiti Cheri.