Jounen Mondyal Dwa Moun 2009: Diskriminasyon

Dat 10 Desanm 2009 la mennen 61 èm anivèsè Jounen Dwa Moun nan. Yo te chwazi dat sa a pou onore desizyon Asanble jeneral L’ONU an te pran pou li adopte e pwoklame, an 1948, Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun nan. Se premye fwa yo te pwoklame dwa kretyen-vivan nan nivo mondyal. Komemorasyon ane sa a santre sou eliminasyon diskrikimasyon atravè
lemond antye.

Tèm ane sa a se «Tout Kretyen-vivan Ne Lib ak Diyite e Dwa Egal-ego. » Sa reflete santiman ki eksprime nan Atik 2 Deklarasyon Inivesel Dwa Moun nan, ki di, « Chak moun merite tout dwa ak libète ki nan Deklarasyon sa a, san okenn distenksyon ras, koulè, sèks, lang, relijyon, opinyon politik ou lòt opinyon. »

« Prensipal objektif nou se fè pwomosyon pou sosyete kote pa gen pyès diskriminasyon ak yon mond kote tout moun resevwa menm tretman, » Se deklarasyon Navi Pillay, Wo Komisè Nasyonzuni pou Dwazimen. Li ajoute, « diskriminasyon chita nan baz anpil nan pi gwo pwoblèm dwa moun lemond ap konfwonte jodi a. Pa gen okenn peyi ki egzan anba flewo sa a. Elimine diskriminasyon se yon devwa premye plan. »

Etazini pote kole ak Nasyonzini pou reklame yon fen nan tout fòm diskriminasyon. Ideyal sa a te parèt aklè nan diskou prestasyon sèman Prezidan Obama a, kote li te raple nou ke « chak jenerasyon dwe mentni kwayans ke tout moun egal-ego, tout moun lib, e tout moun merite yon chans pou yo chache bonè yo nèt al kole. »

Sekretè-deta Hillary Clinton, li-menm, deklare: “Pwogrè limanite depann de lespri moun, e verite sa a ke pèsonn pa ka pa wè, pa janm pi klè pase jan l’ye jounen jodi a. Defi nouvo syèk sa a pote mande pou nou rasanble tout talan moun posede, pou fè nasyon nou an ak lemond pouse pou pi devan. Garanti dwa chak gason, fanm ak timoun piti pou yo patisipe totalman nan sosyete a, e reyalize potansyèl Bondye ba yo, se yon ideyal ki anime nasyon nou an depi li te fonde. » Pawòl madan Clinton.

Etazini kwè ideyal sila a se dwa d’nesans chak gason, fanm ak timoun piti, ke pèsonn pa ka konteste.