Otorite kanadyen yo fè konnen yo pral enpoze nouvo tarif sou sèten pwodwi ameriken apati jedi 13 mas la, an repons ak tarif sou asye ak aliminyòm " administrasyon Trump la mete sou Kanada.
Minis Finans Dominic LeBlanc anonse nan yon konferans pou laprès yo pral enpoze 25% frè ladwann sou plizyè pwodwi ameriken ki vo 29.8 milya dola kanadyen (18 milya dola ero).
Pami pwodui ki afekte yo gen òdinatè ak ekipman spò.