Madi 11 mas 2025 la prezidan ameriken an, Donald Trump, lanse nouvo menas komèsyal kont Kanada, li anonse li ta double tarif yo sou asye ak aliminyòm kanadyen a 50%, alòske yon tarif 25% ta sipoze antre an vigè mèkredi 12 mas la.
Prezidan ameriken an te asire tou sou platfòm Truth Social ke li ta mete tarif sou machin nan dat 2 avril jan li te prevwa li.
Dapre Trump, lagè komèsyal sa a ap kaba si Kanada tounen 51èm Eta ameriken.