Sodo: Lapolis Arete yon Prezime Gang, Popilasyon an Pran l nan Men Lapolis Epi Touye l

Polisye PNH kanpe nan yon machin lapolis devan bilding kote yo pral nomen Michel Patrick Boisvert nouvo Premye Minis enterime Ayiti nan Potoprens, 25 Avril, 2024.

Noelson Metelus, alyas "Zo Pipe" yon prezime manm gang Canaan, mouri anba men popilasyon nan Sodo, apre Lapolis Nasyonal Ayiti te mete l anba kòd.

Apre lapolis te met lapat sou Noelson Metelus nan dat ki te 4 mas 2025 lan, popilasyon an, ki te sou plas nan moman arestasyon an, pran prezime manm gang lan nan men fòs lòd yo epi touye l, dapre sa biwo kominikasyon PNH rapòte.

PNH ekri: "An kòlè, kèk manm nan popilasyon rape "Zo Pipe" nan men lapolis epi malerezman touye l, malgre dilijans fòs lòd yo"

Pi lwen, otorite yo fè konnen yo sezi yon valiz ki te gen katouch ladan l, nan lokalite Gran Rara, toujou nan komin Sodo.

Lapolis renouvle angajman l pou kontinye batay kont bandi yo pou lapè ak sekirite ka tabli nan peyi a