Melania Trump Patisipe nan yon Odisyon Kongrè a sou yon Lwa Pou Anpeche Moun Itilize Pònografi Pou Fè Revanj

USA-TRUMP/MELANIA

Premyè Dam Etazini Melania Trump ap patisipe nan yon odisyon Kongrè a ap fè Lendi sou yon pwojè lwa ki gen rapò ak porno de vajans.

Premyè dam lan patisipe nan yon diskisyon tab won kote yo tap diskite sou "Pwojè Lwa Wetire li".

Pwojè lwa sa a gen kòm bi pou wetire porno de vanjans rapidman. Kalite imaj sa yo se videyo entim oubyen foto ke moun mete sou entènèt san konsantman.

Melania Trump deklare: "Li kase ke m pou m gade tinedje, sitou fi kap redi pou leve defi ki pose pou yo le moun ki mechan pibliye kontni tankou fo imaj. Anviwonman toksik sa a kapab koze dega seve. Fok nou priyorize byenet timoun yo an menm tan ke nou ekipe yo ak sipo ak zouti ki nesese pou navige teren nimerik ostil sa a."

Senatè Repibliken Ted Cruz ki reprezante Texas, ak Senatè Amy Klobuchar ki reprezante eta Minnesota nan Sena a patwone pwojè lwa sa a ansanm.

Sena a te apwouve pwojè lwa a nan mwad Fevriye a.

Premyè dam lan rejwenn jefò pou ankouraje Chanm Depite a apwouve l tou, epi apre sa pou Prezidan Donald Trump siyen l epi fè l tounen yon lwa.