Premye Minis Izrayelyen an, Benjamin Netanyahu, lanse yon pinga lendi 3 mas la bay gwoup Hamas la si yo pa mete otaj ki nan men yo an libète ap gen konsekans grav ki "imajinab".
Sou podium palman nan Jerizalèm Netanyahu deklare "Hamas si ou pa lage otaj nou yo, konsekans sa ap gen pou ou imajinab".
Nan seyans sa ki te fèt nan palman an prezans fanmi otaj te rele chal bare dèyè Premye minis la apre ajan sekirite yo te kouri soti ak li.