Prezidan Donald Trump anonse pandan rankont li ak Premye Minis Britanik la Keir Starmer nan Mezon Blanch lan li pral vizite Wayòm Ini a "anvan lontan".
Premye Minis Starmer remèt Prezidan ameriken an yon lèt wa Charles III voye pou li pou envite l nan yon vizit d eta.
Vizit sa ta dezyèm vizit Donald Trump nan Wayòm Ini a depi premye manda li an 2019 la.
Se yon envitasyon "reyèlman espesyal", dapre Keir Starmer, ki te di ke "sa a pa janm konn rive anvan".