Alix Didier Fils-Aimé : San Sekirite pa ka Genyen Eleksyon ak Referandòm

Premye Minis Ayisyen Alix Didier Fils-Aime pran pouvwa a kom nouvo lide enterime Ayiti nan Potoprens, 11 Nov. 2024.

Premye minis peyi Dayiti, Alix Didier Fils-Aimé deklare si pa gen sekirite p ap ka gen ni referandòm ni eleksyon.

PM nan fè deklarasyon sa a lendi 24 fevriye 2025 lan nan kad yon pwendprès nan jaden ofisyèl rezidans li nan Musseau, pou te make 100 premye jou l nan tèt gouvènman an.

PM nan fè konnen tou angajman gouvènman li ladan l lan pou retabli sekirite nan peyi a chita nan gwomanman envestisman pou materyèl Lapolis la. Li chita tou nan pi bon prizanchaj polisye yo ak anplwaye sivil PNH la.

Alix Didier Fils Aimé eksplike tou chay ensekirite a pa fasil pou pote men li asire jounen jodia gen estrateji, volonte ak mwayen pou rive kwape flewo sa a k ap brase bil popilasyon an.