Lidè Peyi Lafrans ak Grann Bretay Pran Direksyon Washington pou Mande Trump Pou l Pa Abandone Ikrèn

French President Emmanuel Macron, right, welcomes Britain's Prime Minister Keir Starmer as he arrives for a meeting with European leaders on Ukraine and European security at the Elysee Palace in Paris, Feb. 17, 2025.

LONDON (AP) — Lidè Lafrans ak Grann Bretay ap vizite Washington semèn sa a.

Vizit sa a fè pati efò peyi Ewòp yo ap fè pou konvenk Prezidan Donald Trump pou l pa abandone Ikrèn nan pouswit li ap mennen pou jwenn yon akò lapè nan lagè ikrèn ak Larisi ap mennen depi apreprè twazan.

Gen yon apwòch bon jandam, move jandam nan mesaj Premye Minis Keir Starmer ak Prezidan Emmanuel Macron an.

Starmer ezite konfwonte prezidan Trump ouvètman nan sa ki rapò ak lagè ikrèn nan e li diskite ke li se yon pon ant Ewòp ak administrasyon ameriken an pou diskisyon yo kapab byen fèt.

Macron bò kote pal li menm te kritike plis fòtman deklarasyon Trump yo ak demach negosyasyon Ameriken yo angaje ak Moskou.

Tou 2 lidè yo ensiste Ikrèn pa ta dwe mete sou kote nan chita pale lapè yo.

Macron dwe rive nan Mezon Blanch lan Lendi, e Starmer Jedi.