WASHINGTON (AP) — Yon jij federal nan Washington pèmèt Prezidan Donald Trump kontinye ak revokasyon an mas anplwaye federal yo.
Jij Distri Etazini Christopher Cooper deside jedi li pa ka akòde demann sendika k ap reprezante anplwaye yo pou kanpe revokasyon yo, menm si li rekonèt dezòd seri aksyon egzekitif, Trump te pran nan dezyèm manda li a, te koze.
Jij la twouve pwosè sendika yo se yon konfli travay, li dwe swiv yon lòt pwosesis plent jan lwa federal sou travay defini l. Desizyon sa a vini pandan plizyè milye anplwaye gouvènman federal ap pèdi travay yo.
Administrasyon Repibliken Trump lan te avanse pou di sendika yo pa t montre yo ap fè fas ak yon domaj irevokab imedya ki ta jistifye yon lòd dijans pou stope revokasyon yo.