Dekrè a "bay lòd pou tout depatman ak ajans federal yo idantifye tout pwogram ki finanse pa gouvènman federal la ki kounye a bay etranje ki nan sitiyasyon iregilye benefis finansye epi pran mezi korektif," daprè yon dokiman Mezon Blanch pibliye Mèkredi.
Li garanti "lajan federal ki al jwenn Eta yo ak lokalite yo pa dwe itilize pou sipòte politik +refij+ oswa pou ede imigrasyon ilegal," daprè dokiman an.
Dekrè a "mande tou amelyorasyon nan pwosesis verifikasyon elijibilite a pou anpeche benefis ale jwenn moun ki nan sitiyasyon iregilye nan peyi Etazini."
Objektif dekrè a se asire "resous kontribyab yo pa itilize pou ankouraje oswa sipòte imigrasyon ilegal," daprè menm sous la.
Sa se dènye aksyon Trump pran sou kesyon imigrasyon depi li antre nan fonksyon li mwa pase a.
Envesti nan mwa janvye pou yon dezyèm manda kat lane, Donald Trump te pwomèt pou l mennen pi gwo kanpay depòtasyon nan listwa Etazini, ak objektif pou l voye plizyè milyon migran san papye tounen, pami yo yon gwo kantite latino ameriken.
Daprè New York Times, imigran san papye yo pa anjeneral elijib pou benefis federal, eksepte kèk ka ijans kote kèk eksepsyon ka fèt.