Prezidan Donald Trump siyen yon dekrè ki vize ede moun ki vle agrandi fanmi yo atravè fekomdasyon in vitro (FIV) nan diminye kou depans pou pwosesis la.
Kounye a, pri sa yo ka varye ant $12,000 ak $25,000 pou chak sik. Dekrè Madi a bay asistan prezidan nan politik domestik enstriksyon pou remèt Trump yon lis rekòmandasyon politik sou pwoteksyon aksè a FIV epi "redwi konsiderableman depans nan pòch ak plan sante pou tretman FIV" nan 90 jou.
FIV se yon solisyon posib lè yon fanm gen difikilte pou l ansent. Pwosesis la enplike rekipere ovil li epi konbine yo ak espèm yon gason nan yon laboratwa pou kreye yon anbriyon fekonde