Depatman Sekirite Nasyonal Etazini Anonse yon Kanpay Piblisite Entènasyonal pou Konseye Migran Ilegal yo Depòte Tèt yo, Pa Vinn Ozetazini

Foto Achiv: Sekrete Sekirite Nasyonal Kristi Noem nan Lamezonblanch, 29 Janvye 2025.

Sekretè Sekirite Nasyonal Etazini, Kristi Noem anonse 18 Fevriye yon kanpay piblisite nasyonal ak entènasyonal ki avèti migran ilegal yo pou yo kite Etazini san pèdi tan oswa fè fas ak depotasyon epi pa janm ka tounen Ozetazini nan lavni.

Kanpay piblisite sa a ki koute plizyè milyon dola avèti migran ilegal kriminèl yo pou yo pa vini nan peyi Etazini ni vyole lwa peyi a oswa yo pral lanse yon koukou wouj dèyè yo epi depòte yo.

Seri anons piblisite yo pral difize sou radyo, televizyon ak rezo sosyal nan divès peyi ak rejyon e nan divès lang.

DHS di chak anons va sible yon gwoup migran an patikilye e moun ap wè yo sou rezo sosyal yo, nan tèks mesaj ak platfòm nimerik yo. Entansyon an se rive sou migran ilegal kap viv andedan peyi Etazini epitou sa yo ki nan peyi etranje ki ta renmen chankre Etazini.

"Si ou se yon imigran kriminèl kap ranje kò w pou antre Etazini ilegalman: pa menm tante chans ou. Si ou vin isit epi vyole lwa nou, nou pral chase w," Sekretè Kristi Noem deklare. Li ajoute: "Kriminèl pa byenvini Ozetazini."