Inyon Ewopeyèn Vle “Fè Ekip” ak Washington pou yon Lapè “Jis” nan Ikrèn

FILE PHOTO: U.S. Special Envoy for Ukraine and Russia Kellogg visits Brussels

Inyon Ewopeyèn vle “fè ekip” ak Etazini pou yon lapè “jis ak dirab” nan Ikrèn, daprè sa prezidan Komisyon Ewopeyèn lan, Ursula von der Leyen, deklare madi sou X, apre li te rankontre anvwaye espesyal prezidan Donald Trump pou Ikrèn, Keith Kellogg.

Mesye Kellogg, ki dwe rive nan Kyèv mèkredi, deja fè konnen li pa panse li "swetab" pou Ewopeyen yo chita nan negosyasyon Washington vle tanmen ak Moskou sou Ikrèn.

“Moman an kritik finansyèman ak militèman, Ewòp kontribye plis pase nenpòt lòt moun. E nou pral ogmante efò nou yo,” se sa Madam von der Leyen te deklare apre rankont sa a nan Brisèl.

Daprè yon kominike Komisyon Ewopeyèn nan pibliye apre reyinyon an, Inyon Ewopeyèn deja depanse 135 milya ewo pou ede Ikrèn, avèk anviwon 52 milya ewo èd militè, menm nivo ak Etazini, epi li pare pou l fè plis toujou.

Devan Mesye Kellogg, Madam von der Leyen mete aksan sou volonte Inyon Ewopeyèn pou l “ogmante” pwodiksyon ak depans li nan zam, “nan ranfòse kapasite militè Ewopeyen yo ak Ikrenyen yo an menm tan,” daprè kominike a.

Komisyon Ewopeyèn nan dwe prezante 19 mas pwojè li pou devlope kapasite defans Inyon an.

Kremlen rekonèt "dwa" Ikrèn pou l antre nan Inyon Ewopeyèn men pa nan L’OTAN.

Larisi rekonèt madi "dwa souvren" Ikrèn pou l adere ak Inyon Ewopeyèn men pa ak L’OTAN, ki se yon gwo opozan Kremlen an, nan yon moman kote Moskou ak Washington ap rapwoche youn ak lòt, sa ki bay Ewòp ak Kyèv kè sote.