Kenskòf : yon Militè Fòs Ame dAyiti ak 2 Ajan BSAP Mouri Anba Bal Bandi

Kòman Sitwayen nan Zòn Furcy, Kenskòf Ap Viv Moman Kriz Sanitè Pandemi Kowonaviris la?

Yon militè fòs ame dAyiti ak 2 ajan BSAP mouri anba bal gwoup nèg ak zam ki te atake, yè dimanch la, komin Kenskòf.

Atak sa a fèt sou yon "sit estratejik" ki te sou pwoteksyon militè yo, selon sa ministè Defans fè konnen nan yon kominike pou laprès.

Ministè a konfime : "yon sòlda mouri, 2 lòt blese" nan atak gang yo te lanse 16 fevriye a.

Petit’homme Charles Benictor se non sòlda ki mouri a nan "akonpli misyon patriyotik li", selon ministè Defans ki fè konnen otorite yo pral deplwaye "mwayen fò" pou zak kriminèl sa yo pa rive ankò.

Pi lwen, ministè a enfòme, malgre atak bandi yo, otorite yo repran kontwòl sit la, gras ak ranfò ki te kouri rive Kenskòf pou pote sekou bay ajan ak sòlda yo.

Minis Defans la, Jean-Michel Moïse, voye senpati l bay fanmi viktim yo e li pwomèt "leta p ap rekile," l ap kontinye travay pou bay popilasyon an sekirite.