Premye Vizit Rubio Nan Mwayen Oryan

Germany Munich Security Conference

Sekretè Deta ameriken, Marco Rubio, rive Tel Aviv byen ta samdi 15 fevriye a pou premye vizit li nan Mwayen Oryan an.

Dapre Depatman Deta Ameriken an, Rubio sipoze rankontre ak gwo ofisyèl nan rejyon an nan yon chita pale ki pral konsantre sou liberasyon rès otaj ki toujou nan men gwoup Ame Hamas, epi sou akò seselfe nan lagè Gaza a ak Iran.


Vizit sa a vini apre Hamas te lage twa (3) otaj jodi samdi 15 Fevriye a, e Izrayèl te lage 369 prizonye Palestinyen an echanj, apre medyatè yo te ede evite ke akò seselfe frajil la sa ki te siyen an krzae .


Rubio pral vizite tou Arabi Sawoudit ak Emira Arab Ini yo.