Pwokirè Jeneral Adjwen an Hagan Scotten demisyone akoz li opoze ak lòd depatman jistis bay pou abandone akizasyon koripsyon kont majistra vil la.
Nan yon imèl ki te pataje ak medya ameriken Vandredi 14 fevriye a , Adjwen Pwokirè Jeneral Hagan Scotten te di ke li te "totalman an akò" ak desizyon pwokirè an chèf enterimè a, Danielle R. Sassoon, ki li menm te demisyone Jedi poutèt li te refize respekte lòd Depatman Jistis la, ki te pwovoke yon kriz nan enstitisyon jidisyè a.
Lendi, Depatman Jistis bay lòd pou pwokirè federal yo abandone akizasyon koripsyon kont Majistra New York la Eric Adams epi mete fen nan ankèt k ap fèt sou li a.
Lajistiz te akize majistra Adams kòmkwa li te resevwa plizyè kado anba tab tankou vwayaj gratis oswa rabè ak kontribisyon ilegal pou kanpay elektoral li.