Gaza: Hamas Konfime 3 otaj Izrayelyen ap Libere Samdi

2025년 2월 8일 하마스 전투원들이 가자 중부 데이르 엘바라에서 적십자 팀에 이스라엘 인질을 넘기는 것을 지켜보기 위해 거리에 모인 팔레스타인인들 사이에 대형을 이루고 서 있다.

Brigad Ezzedine al-Qassam, branch ame mouvman islamis palestinyen Hamas, konfime vandredi twa otaj Izrayelyen ap libere samdi nan Gaza, ladan yo gen youn ki te nan men alye li, Jihad Islamik lan.

"Nan kad echanj prizonye (ki prevwa nan akò trèv ak Izrayèl la, NDLR), Brigad al-Qassam deside libere prizonye (otaj) Izrayelyen sa yo demen samdi," daprè yon mesaj pòtpawòl yo, Abou Obeida, te pibliye sou Telegram.

Yo te site non twa otaj yo, men AFP ap pibliye yo lè otorite Izrayelyen konfime yo.