Etazini Enflasyon: Pri Pwovizyon, Gaz Ogmante

Foto Achiv: Yon etaje ki vid ak kek bwat ze nan sipemache Safeway nan vil Seattle, eta Washington, 27 Janvye, 2025.

To enflasyon an ogmante pandan mwad Janvye a Ozetazini. Pri pwovizyon ak gazolin te pi wo, yon tandans ki pral pwobableman souliyen desizyon Rezèv Federal la pran pou l ranvwaye tout lòt rediksyon li tapral fè nan to enterè yo pou kounyea.

Endis pri konsomatè yo ogmante 3% nan mwad Janvye, konpare ak sa yo te antrejistre an 2024.

Rapo Depatman Travo Piblik pibliye Mèkredi montre yon ogmantasyon 2,9% konpare ak mwa Desanm nan.

Endis la sibi yon ogmantasyon konparativman ak chif ba ki se 2,4% ke yo te anrejistre an Septanm 2024.

Done sa yo montre kijan enflasyon an poko regle. Sijè sa a te gen yon enpotans total kapital pandan kanpay prezidansyèl 2024 la, sa ki te koze tèt chaje pou ansyen Prezidan Joe Biden.

Prezidan Donald Trump te pwomèt pou l redui pri machandiz yo pandan li tap mennen kanpay, men pi fò ekonomis yo gen kè sote dèske tarif li pwopoze yo taka omwens pwovizwaman ogmante pri yo.