Nan yon seremoni ki fèt yè lendi a nan Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) e ki dewoule devan anbasadè ameriken an ann Ayiti, Dennis B. Hankins, ansanm ak prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an, Leslie Voltaire, gouvènman ameriken an remèt PNH ekipman sa yo ki pral ranfòse lit li kont bandi yo.
PNH ak misyon miltinasyonal la anonse yo resevwa 600 fizi, 9 machin, 2 kamyon ak lòt ekipman lou.
Nouvo ekipman sa yo pral pèmèt fòs lòd yo pi byen ekipe pou fè travay yo nan kwape bandi ki vle fè lalwa nan peyi a.
N ap raple, pandan weekend nan, Lapolis ansanm ak MMAS la te menenn yon operasyon gwo ponyèt nan Kwadèboukè pou kraze aktivite kanaval Gwoup 400 Mawozo t ap òganize nan komin nan.