Macron Mande Moun Ann Ewòp pou yo Pare pou Reponn Posib Tarif Donald Trump

France's President Emmanuel Macron delivers a speech during a closing event for the first day of the Artificial Intelligence (AI) Action Summit, at the Grand Palais, in Paris, on February 10, 2025. (Photo by Ludovic MARIN / AFP)

Prezidan franse Emmanuel Macron mande moun ann Ewòp pou yo pare pou reponn posib tarif ke Donald Trump ka mete sou yo, se konsa Macron te pale nan yon emisyon ayè dimanch la sou chèn televizyon ameriken CNN.

« M panse ke nou dwe pare pou reyaji. Men m panse ke, plis toujou, Inyon Ewòp la dwe pare pou defann sa li vle ak sa li bezwen, » se konsa Macron pale nan yon entèvyou ke CNN te anrejistre jedi a e ki te pase ayè dimanch la.

Chef leta a avèti tou sou konsekans yon desizyon konsa pou Ameriken : « Si w enpoze tarif sou plizyè sektè, sa pwal fè pri yo ogmante e kreye enflasyon pou Etazini. »

Nouvo Prezidan Etazini an Donald Trump ap ogmante posiblite pou li gen lagè komèsyal pandan plizyè semenn e fè santi ke Inyon Ewòp la ka santi anvan lontan konsekans tarif ladwann ki frape li. « Inyon Ewòp la trete nou mal anpil, » se sa Trump te di jounalis nan finisman mwa Janvye a.