Operasyon Gwo Ponyèt nan Kwadèboukè pou Kraze Aktivite Kanaval Gang yo

Pespektiv yon dron de Penitansye Nasyonal la apre afwontman ant PNH ak gang ame yo ki andomaje kominikasyon yo epi debouche sou evazyon prizonye yo, 3 Mas, 2024.

Plizyè inite spesyalize nan Polis Nasyonal Ayiti, nan tèt kole ak misyon miltinasyonal la, mennen yon operasyon gwo ponyèt nan Kwadèboukè pandan weekend nan, pou kraze aktivite kanaval gang 400 Mawozo t ap òganize.

Depi plizyè jou, videyo k ap sikile sou rezo yo montre aktivite kanaval gwoup 400 Mawozo, ki gen nan tèt li Lanmò San Jou, t ap òganize.

Samdi 8 fevriye 2025 la, otorite yo mennen yon operasyon gason pa kanpe pou eseye repran kontwòl komin Kwadèboukè e kraze fwaye gang yo.

Pandan operasyon sila a, fòs lòd yo boukante kout zam ak gwoup gang yo ki te mete plizyè barikad pou anpeche lapolis penetre nan sant vil la.

Ak sipò misyon miltinasyonal la, fòs lòd yo rive kraze barikad yo e antre nan fyèf gang 400 Mawozo.

Anplis de sa, otorite yo kraze estann ki te fèt pou aktivite kanaval la epi sezi yon dèlko gwoup gang yo t ap itilize pou mete ekleraj pandan aktivite yo a.

Nan yon kominike li pibliye sou rezo yo, PNH pa mansyone si polisye yo fè arestasyon ni si gen bandi ki ta mouri pandan operasyon sa a.