Se la ke Minis la prezante"nouvo deal" la ki vize revitalize destinasyon touris Nò ak Nòdès la.
Inisyativ sa a, minis la dekri l kòm pwen depa yon "transfòmasyon istorik", repoze sou ekzekisyon yon plan global devlopman anba yon lidèchip kolektif, ki enplike Leta ak sektè prive a.
Minis Touris la ki lanse apèl pou yon mobilizasyon jeneral fè konnen "Moman sa kapab istorik si nou travay ansanm. Se pral kòmansman yon vrè pwosesis transfòmasyon",
Objektif la klè: fè Nò a tounen yon pòl touristik, ki kapab rivalize gwo destinasyon Karayib yo.
"Nouvo deal" la tradui pa yon plan daksyon ki gen ladan plizyè pwojè kle:
• Kèk mache dwe transfòme oswa deplase pou ouvèti vil Okap.
• Konstriksyon de estasyon nan antre vil la, ak transfòmasyon tèminal ki egziste yo nan espas atraksyon touris.
• Yon plan pou relaje fanmi k ap viv nan zòn ki gen risk anviwònman, an kolaborasyon ak komin vwazin yo.
• Mete anplas yon sistèm modèn jesyon pou pwoteje ak valorize patrimwàn istorik la, espesyalman Sitadèl Laferrière ak Palè San Souci.
• Konstriksyon yon marina ak espas lwazi pou revitalize zòn kotyè Kap-Ayisyen.
• Modernizasyon ayewopò entènasyonal Kap-Ayisyen ak konstriksyon yon nouvo ayewopò nan Nòdès.
• Otel, restoran, ak sikwi touris yo pral entegre nan yon vizyon global pou ogmante kapasite akòy ak atirans rejyon an.
Aktè ki te prezan yo te salute pwopozisyon sa a avèk antouzyas. Anpil moun wè sa kòm yon opòtinite pou fè touris de kalite, dirab, ak rentab reviv. Yo mete an plas yon komite siveyans pou sipèvize aplikasyon pwojè yo. Li konpoze de:
• Max Vieux, reprezantan OGDNH (Òganizasyon pou Devlopman Nò Haiti)
• Christopher Étienne, nan Chanm Komès ak Endistri Nò
• Angie Bell
• Thony Desauguste
• Eddy Salomon
Komite a ap gen pou misyon siveye bon ekzekisyon aksyon priyoritè yo ak kowòdinasyon ant diferan patnè yo.