Eleksyon prezidansyèl ap dewoule jodi Dimanch la nan peyi Ekwatè kote kous la tèt koupe ak sak te pase an 2-23 lè elektè yo te chwazi yon jèn milyonè konsèvatè kom prezidan yo olye pwoteje gochis
prezidan peyi a ki gen plis enfliyans nan syèk sa a.
Prezidan Daniel Noboa ak Luisa Gonzalez pran devan 16 lot konpetitè yo. Yo tout pwomèt elektè yo pou yo redui kantite krim kap komèt nan peyi a e ki vinn fè pati vi kotidyèn yo kounyea.
Gwo ogmantayon nan zak vyolans toupatou nan peyi Amerik di Sid la, lye ak trafik kokayinke peyi vwazen Kolonbi ak Pewou pwodui.
Anpil elektè viktim krim donk sa ka enpakte chwa yo pou dirijan peyi a.
Elektè yo gen dout sou si wi ou non twzyèm prezidan yo nan yon espas 4 an ka amelyore sityasyon Ekwatè oubyen si Noboa merite yon lot manda.