Anbasad Kanada an Ayiti ak Ofis Nasyonzini kont dwòg ak krim (ONUDC), bay Direksyson Polis Nasyonal Ayiti a plizyè dizèn machin touteren pou ranfòse kapasite pou PNH la mennen operasyon l yo.
Direksyon jeneral polis nasyonal Ayiti a resevwa, ayè jedi a, plis pase 70 machin.
Nan yon seremoni ki dewoule devan anbasadè Kanada a an Ayiti, André François Giroux, ak chèf PNH la, Normil Rameau, peyi Kanada fè lapolis kado 42 machin Toyota Land Cruiser.
Bò kote pa l, ONUDC bay direksyon PNH la, 31 machin, ladan yo 12 pick up Toyota Land Cruiser ak plizyè motosiklèt.
Nan yon kominike li pibliye sou paj Facebook li, polis nasyonal Ayiti eksplike nan kad kowoperasyon anbasad Kanada ak ajans Nasyonzini UNOPS, yo jwenn materyèl sa yo nan men peyi Kanada.
Selon PNH, Kanada te pwomèt 59 machin touteren. Yo livre pou kounya 42.