WASHINGTON (AP) — Prezidan Donald Trump te siyen yon dekrè pou mete sanksyon sou Tribinal Penal Entènasyonal (TPE) poutèt ankèt li sou Izrayèl. Trump te siyen dekrè sa nan Mezon Blanch Jedi.
Ni Etazini ni Izrayèl pa manm tribinal la epi yo pa rekonèt li. Tribinal la te mete yon manda arestasyon kont Premye Minis Izrayelyen Benjamin Netanyahu poutèt aksyon li kont Palestinyen nan Gaza apre atak Hamas sou Izrayèl nan mwa Oktòb 2023.
Izrayèl se yon alye pwòch Etazini. Dekrè Trump lan deklare aksyon TPE a kreye yon "presedan danjre." Sanksyon yo gen ladann entèdiksyon pou ofisyèl TPE yo antre nan Etazini.