Trump Siyen Yon Dekrè Pou Anpeche Atlèt Transganr Patisipe nan Espò Fanm

Soccer: Concacaf W Gold Cup-Brazil at USA

Prezidan ameriken an, Donald Trump, soti yon dekrè Mèkredi 6 fevriye a ki gen ladann objetif pou anpeche atlèt transganr yo jwe espò fanm.

Prezidan Repibliken an pandan li tap siyen dekrè a pandan yon seremoni nan La Mezon Blanch, sou anpil aplodisman plizyè douzèn atlèt fi te deklare "Avèk dekrè sa a, lagè kont espò fanm yo fini."

Tèks li a planifye pou koupe sibvansyon gouvènman federal bay kelkeswa lekòl ki pèmèt elèv transganr yo vin manm ekip espò fanm yo.

Prezidan Trump te ensiste pou l di "Pap gen okenn finansman federal" pou enstitisyon sa yo.

Prezidan an pwofite mete presyon sou Komite Olenpik Entènasyonal (IOC)la , paske Lèzetazini gen pou l òganize pwochen Je Olenpik Ete yo..