Godfrey Otunge di li Konfyan MMS la Ap Met Lapat Sou Chèf Gang yo

HAITI-VIOLENCE/USA

Jeneral Godfrey Otunge, ki ap dirije misyon miltinasyonal la, di li gen konfyans l ap rive met lapat sou chèf gang yo k ap simen latwoublay nan peyi a.

Kòmandan an fè deklarasyon sa yo nan yon ti chita pale li fè ak VOA Kreyòl pou l eksplike travay misyon an fè depi anviwon 7 mwa li sou teren an.

Godfrey Otunge di li konfyan l ap rive dechouke gang yo nan peyi a pou tabli lapè sou tout teritwa a.

Chèf misyon an revele, twoup li yo rive "enfiltre" anba Dèlma pou met lapat sou Jimmy Chérizier, alyas Barbecue.

Otunge deklare : "Nou al dèyè Barbecue nan Dèlma. Li kouri".

Haiti Violence

Pi lwen, kòmandan MMAS la eksplike li pase twoup li yo lòd pou pote tout Chèf gang yo ba li : Barbecue, Vitelhomme, elatriye.

Selon Otunge, "Misyon miltinasyonal la se yon misyon lespwa."

Jeneral la remèsye pèp ayisyen an pou konfyans li, e l renouvle angajman MMAS la pou kontinye travay pou kraze gang yo nan peyi a.