70 Ofisye Salvadoryen Debake an Ayiti pou Ranfòse Misyon Miltinasyonal la

Your browser doesn’t support HTML5

70 Polisye Salvadoryen Debake Ayiti pou Pote Kole ak Fòs Miltinasyonal la

Yon kontenjan 70 ofisye Salvadoryen debake, jodi madi 4 fevriye a, nan ayopò Toussaint Louverture pou vin ranfòse misyon miltinasyonal la nan kore lapolis nasyonal Ayiti nan batay kont gang yo.

Plizyè gwo chabrak nan gouvènman an, tankou prezidan konsèy prezidansyèl tranzisyon an, Leslie Voltaire ak chèf polis nasyonal Ayiti, Normil Rameau te fè deplasman an nan ayopò a pou resevwa nouvo kontenjan sa ki vin bay MMS la Jaret.

Bò kote MMS la, kòmandan misyon an, Godfrey Otunge te prezan pou akeyi 70 ofisye Salvadoryen yo ki rive nan peyo a anviwon yon mwa apre 8 sòlda Salvadoryen te vin prepare teren an.

Nouvo polisye sa yo vin ajoute sou anviwon 800 polisye etranje ki deja sou teren an.

N ap fè sonje, misyon miltinasyonal ki gen nan tèt li peyi Kenya prezan sou sòl Ayiti a depi mwa jen 2024.