Lidè pwovens Kanada ki gen plis abitan yo, an palan de Ontario, deklare lap chire kontra li te siyen ak sèvis entènèt Starlink Elon Musk la pou reponn tariff Prezidan Donald Trump enpoze kont Kanada.
Doug Ford deklare Lendi, li pral entèdi pwovens la siyen kontra ak konpayi Ameriken.
Ford te siyen yon kontra pou $100 milyon (dola Kanadyen) swa $68 milyon dola Ameriken ak konpayi Musk la nan mwad novanm nan pou dispoze entènèt rapid pou sitwayen ki abite nan zon riral yo ak nan no Ontario.
Ford di ke Ontario pap fè komès ak moun ki riske andomaje ekonomi Kanadyèn nan.