Trump Anonse Yon Mwa 'Poz' Pou Tarif Kont Meksik yo, Apre Meksiko Dakò Voye Sòlda sou Fwontyè a Pou Bloke Dwòg

(FILES) (COMBO) This combination of pictures created on November 27, 2024 shows former US President and Republican presidential candidate Donald Trump (L) on November 4, 2024, and Mexico's President Claudia Sheinbaum on November 20, 2024.

Donald Trump konfime sou rezo sosyal li a, Truth Social, imedyatman Tarif 25% li te mete sou Meksik la pap aplike pandan yon mwa, pandan de peyi yo ap negosye.

Tarif yo te dwe antre ann aplikasyon madi, men Meksik dakò pou li ranfòse fwontyè a ak 10,000 Gad Nasyonal pou anpeche dwòg antre Ozetazini.

Prezidan ameriken an rapòte ke li te gen yon "konvèsasyon trè amikal ak Prezidan Claudia Sheinbaum" e li presize ke pandan yon mwa pòz sa a, negosyasyon pral dewoule pou Etazini jwenn yon "akò" ak Meksik.