Anvan yo vole pou Kiba depi èpòt entènasyonal Kap Ayisyen, twa kòlèg sa yo te eksprime volonte yo pou kontinye travay kòm jounalis nan peyi a, malgre risk ki genyen.
Jounalis Florise Desronvil te eksprime satisfaksyon li paske lap kite peyi a pou al resevwa swen medikal, pandan li di li santi yon gwo tristès.
Li espere ke operasyon chirijikal li dwe sibi pou retire bal ki nan kò li ap reyisi.
Li eksplike ke tristès li soti lefèt ke li viktim pandan li t ap sèvi peyi li.
Jounalis Velondie Miracle sonje li te ansanm avèk Marckendy Natoux, Florise Desronvil, Jimmy Jean ak Balthazar Reginald pandan atak ame ki fèt 24 desanm nan.
SEE ALSO: Atak gang Ayiti nan Kad Reyouvèti Lopital Jeneral la Touye 2 Jounalis ak yon Polisye
2 nan kòlèg li yo pèdi lavi yo pandan ensidan sa a.
Velondie deklare li te resevwa sèt bal: senk nan janm gòch li, yon bal toupre tèt li, ak yon lòt sou bò gòch li. Li pwomèt pou l retounen pou kontinye sèvi peyi li.
Jounalis Justin Jocelyn, ke yo rele Lòm Enfo, di li te resevwa de bal: youn nan bouch li ak youn nan bra li.
Li afime li p ap janm bliye dat 24 desanm 2024 la. Li dwe fè de operasyon nan bouch apre li te vin viktim pandan li t ap fè travay kòm jounalis li.
Polisye Jean Masner Coulanges, ki pati ak twa Jounalis yo, ap soufri ak yon jenou ki totalman bloke, konsekans blesi grav li te sibi pandan evenman vyolan 24 desanm 2024 bò lopital jeneral.
Pandan vyolans sa yo, 2 jounalis te pèdi lavi yo: Jimmy Jean ak Marckendy Natoux. Anviwon yon dizèn lòt te blese, e 6 ladan yo te blese grav.
Polisye Daniel Renaud te mouri pandan atak la sou lopital jeneral.
Jounalis yo te reponn envitasyon ansyen minis Sante Piblik, Dr Duckenson Lorthé Bléma, ki te vle relouvri Lopital Jeneral.
Your browser doesn’t support HTML5
3 Nan Jounalis ak yon Polisye ki te Blese nan Atak Lopital Jeneral la ap Resevwa Swen Kiba