RDC: M23 ap Avanse nan Lès pou Rive Bukavu

Members of the M23 armed group arrive in a pickup truck at the compound where residents gather for a protest against the Congolese government, expressing support for the M23 armed group in Goma on January 31, 2025.

Apre yo fin pran vil Goma nan lès RDC, gwoup ame anti-gouvènmantal M23 ansanm ak lame rwandèz la ap avanse nan pwochen pwovens lan pou rive nan vil Bukavu, kote volontè yo te kòmanse enskri depi vandredi pou konbat ak lame kongolè a ki an difikilte.

Goma, kapital pwovens Nò Kivu a, ki kole ak lak Kivu epi fwontyè Rwanda a, tonbe sa gen kèk jou apre yon ofansiv rapid ki te dire kèk semenn. Atak sa te fèt apre echèk medyasyon Angolè yo te eseye mete sou pye ant RDC ak Rwanda.

Depi lè sa, M23 ak sòlda rwandè yo kontinye avanse nan pwovens Sid Kivu a, pou rive nan zòn Kavumu, kote ki gen yon ayopò militè estratejik. Se la lame kongolè a mete prensipal liy defans li, ki chita apeprè 40 kilomèt nan nò vil Bukavu kote ki gen anviwon yon milyon moun, dapre sous lokal AFP.

Yon somè ekstraòdinè nan Kominote Devlopman Lafrik Ostral (SADC) dwe fèt jodi a nan kapital Zimbabwe a, Harare. Daprè prezidans kongolè a, prezidan Félix Tshisekedi ap patisipe pa videyo konferans, men prezidan rwandè a, Paul Kagame, pap prezan.