Lame Izrayelyen Anonse 7 Otaj ki Libere yo Rive an Izrayèl

Family members and supporters of Israeli hostage Agam Berger react as they watch a broadcast of Berger during her release, in Holon, Israel, Jan. 30, 2025.

Lame izrayelyèn nan anonse jedi sèt otaj ki te libere nan mitan jounen an sou fwontyè Gaza, pami yo senk sitwayen Tayland, rive ann Izrayèl kote sòlda li yo ap pran swen yo, dapre yon kominike.

"Sèt otaj yo libere, yo travèse fwontyè a pou antre sou teritwa Izrayèl, ak akonpayman fòs lame a epi Shin Bet (sekirite entèn), " dapre deklarasyon an.

Yo "aktyèlman sou wout pou ale nan yon premye sant resepsyon nan sid Izrayèl," dapre menm sous la, ki konfime idantite de Izrayelyen yo ak senk Taylandè yo.