Kiba di Plan Prezidan Trump Genyen Pou Voye Imigran Guantanamo se yon Zak Britalite

UN General Assembly

Prezidan Kiben an, Miguel Diaz-Canel, dekri mèkredi kòm "yon zak britalite" plan prezidan ameriken an genyen pou kenbe imigran san papye ki te sou tèritwa ameriken an nan prizon militè Guantanamo Bay a, nan peyi Kiba.

Prezidan kiben an di sou platfòm X, "Anons gouvènman ameriken an se yon zak britalite, apre yo di yo pral mete migran illegal yo nan baz naval Guantanamo a, ki sou teritwa kiben ke yo okipe ilegalman".

Prezidan Diaz-Canel ajoute, yo pral mete imigran nan enstalasyon Etazini te itilize pou "tòtire" e anprizonen moun ilegalman."