Donald Trump anonse mèkredi 30 janvye a li ap prepare pou voye imigran san papye nan baz Etazini genyen Guantanamo a.
Prezidan ameriken an di, "Mwen pral siyen yon tèks jodi a pou mande Depatman Defans ak Depatman Sekirite Enteryè prepare yon sant pou resevwa 30,000 imigran nan Guantanamo Bay" e li ajoute ke moun sa yo se ap "kriminèl ki illegal "
Mezon Blanch pibliye tèks la, ki di dokiman prezidan an siyen an se pa yon "dekrè" men yon "memorandum."