Moun te santi kèk nan aksyon sa yo imedyatman. Gen lòt ke y ap esey defye nan tribinal.
Li posib kèk nan mezi yo pral pran plizyè zane pou yo reyalize oubyen yo pap janm reyalize.
Anpil nan aksyon Trump kapab poze gen pou wè ak kantite lajan Kongrè a ba li oswa envokasyon pouvwa dijans, jan li te fè l pandan premye manda li.
Ajans Imigrasyon ak Ranfòsman Ladwann Ameriken an (ICE) deklare li fè apeprè 593 arestasyon migran chak jou soti Jedi pou rive Dimanch.
Si bagay yo kontinye konsa, se tap pi gwo kantite moun Etazini depòte depi administrasyon Obama a, lè yo te arete apepre 636 migran nan ane 2013.
Men sak chanje jiskaprezan ak sa ki poko fèt:
Ajan Imigrasyon Ap Poze Plis Arestasyon
Apre ICE gen lòt ajans gouvènman an kap patisipe nan operasyon imigrasyon yo.
Pami yo: FBI, DEA, Biwo Alkol, Tabak, Zam a Fe ak Eksplosiv - se Depatman Jistis ki jere ajans sa yo - epi Depatman Sekirite Nasyonal ki jere Ladwann ak Pwoteksyon Fwontyè a.
Emile Bove, minis jistis a.i. a obsève arestasyon ki te fèt Dimanch nan Chicago - yon siy ki montre Depatman Jistis la ap patisipe plis nan operasyon sa yo.
SEE ALSO: Ofisyèl Nan Tèt Administrasyon Trump la nan Chicago Pou Kòmanse Kanpay Represyon imigrasyon anTrump te ogmante priyorite arestasyon yo pou enkli nempòt ki moun ki Ozetazini ilegalman - pa sèlman moun yo kondane pou krim, ki poze menas pou sekirite piblik oubyen sekirite nasyonal epi migran yo arete sou fwontyè a.
Kanmenm, gen moun ki di ICE tap travay jan li gen abitid travay.
"Pa gen okenn bagay ki diferan," Andrew Arthur, yon ansyen jij imigrasyon kap travay nan Sant d Etid pou Imigrasyon an deklare.
Li estime nan semèn k ap vini an Kongrè a pral apwouve lajan pou 80,000 kabann - ki se 3 fwa plis pase sa yo genyen kounyea.
ICE bezwen espas pou kenbe migran yo pandan pwosè legal yo ap dewoule, epitou pandan lap fè aranjman pou depòtasyon.
Konbyen Moun yo Depòte?
ICE poko di konbyen moun li depòte depi Trump monte sou pouvwa a men admnistrasyon an souliyen vòl depòtasyon - pami yo abo avyon militè.
Anba Administrasyon Biden nan, ICE te depòte plis pase 270,000 moun nan yon peryod 12 mwa ki te fini an Septanm. Sete pi gwo kantite moun yo te depote nan yon ane depi 10 zan. Administrasyon Biden nan pat sèvi ak avyon militè.
Nan yon epizòd ki taka siyale diplomasi pi di vizavi gouvènman ki reziste oubyen refize reprann sitwayen yo, Trump deklare Dimanch li pral ogmante tarif yo a 25% pou Kolonbi. Li pran desizyon sa a apre Prezidan
Gustavo Petro te refize kite 2 avyon militè Ameriken chaje ak migran yo tap depote ateri lakay li. Trump te kanpe tarif yo apre Petro te bay le gen.
Yon avyon transpo militè C-27 ateri Guatemala Lendi ak 64 migran ki te gen chenn nan men ak pye yo.
Migran Jacobo Duenas, 38 an di Associated Press: "Se premye tantativ mwen pou ane a. Mwen pa konnen si m ap eseye anko paske li difisil." Yo te arete misye Vandredi sou fwontyè Texas la.
Administrasyon Trump la rann ni pi fasil pou ICE depote moun san yo pa konparèt devan yon jij imigrasyon. Pou fè sa, yo pwolonje otorite "depotasyon rapid" toupatou Ozetazini pou jiska 2 zan. Sendika Libète Sivil Ameriken an defye tip depotasyon sa yo nan tribinal.
Kèk Mezi ki Taka Gen Gwo Enpak, ke Nou Poko Wè Sou Gwo Plan
Administrasyon an mete fen nan politik ki te evite poze arestasyon nan lye "sansib" pami yo - lekol, lopital ak legliz. Li di otorite yo ka depote moun ki te antre nan peyi a legalman sou pawol, anba otorite prezidansèl Biden te sèvi plis pase tout lot prezidan Ameriken.
Trump menase tou pou pini "jirisdiksyon sanktyè ki limite kowoperasyon ak otorite imigrasyon federal yo.
Kisak Chanje Sou Fwontyè a?
Trump mete fen nan aplikasyon ki te pèmèt migran yo antre Etazini ak pèmi pou 2 zan ki rann yo elijib pou travay. Li anile plizyè dizèn milye randevou moun te pran pou jous komansman mwad Fevriye a, epi moun sa yo te rete bloke Meksik.
Pèske 1 milyon moun te antre Etazini an pasan pa pos fwontyè Meksik yo, gras ak app CBP One nan.
Trump mete fen tou nan yon politik ki te pèmèt plis pase 500,000 moun peyi Kiba, Ayiti, Nikaragwa ak Venezyela vinn Ozetazini nan avyon epi gen pèmi pou travay pou 2 zan si yo gen sponso finansye.
Gen lot aksyon ki pral pran tan pou antre an aplikasyon. Trump jwenn apwobasyon Meksik pou re-mete an aplikasyon politik santral premye manda li "Rete o Meksik" ki mande moun kap chache azil pou o rete tann Meksik pou odisyon devan tribinal imigrasyon Ameriken.
Pantagon nan komanse deplwaye 1,500 militè sou fwontyè a semèn pase a, men li pa klè si yo pral jwe yon wol aktif konparativman ak wol sipo yo jwe anba tout prezidan depi George W. Bush tankou siveyans sou tè ak nan lè, konstriksyon baryè epi reparasyon machin.
Yon lwa Etazini ki egziste depi 1878 entèdi lame peyi a patisipe nan ranfosman lwa sivil, men Trump ak konseye li yo siyale yo taka envoke pouvwa ki egziste nan epok lagè. Trump di nan dekrè prezidansyèl li ke Depatman Defans ka ede ak detansyon ak transpo.
Ki Lot Bagay?
Trump sispann jwenn abri pou refije ke yo egzamine nan peyi etranje anvan yo antre Ozetazini, jiskanouvèl od. Se yon pwogram li te lajman demantle pandan premye manda li ke Biden te resisite. Gen gwoup ki dispoze kay pwovizwaman, fomasyon travay ak lot sipo ke Depatman d Eta mande yo kanpe tou suit Vandredi.
Depatman Jistis la di gwoup asistans legal yo tou pou yo sispann travay sou pwogram federal ki ede moun defann tèt yo nan tribinal imigrasyon ak sant detansyon yo.
Trump di tou lap mete fen nan sitwayènte Ameriken otomatik pou timoun ki pran nesans Ozetazini. Se yon presedan yon amandman konstitisyonèl Etazini te adopte an 1868 akode. Yon jij federal nan vil Seattle kanpe dekrè sa a.
SEE ALSO: Mezon Blanch di Kolonbi Dakò Pou l Pran Imigran Li Ekspilse yo Apre Trump Menase yo ak Tarif