RDC: "Rwanda Detèmine Pou Sezi Vil Goma" Dapre Pòtpawòl Lame Kongolè a

Des soldats des Forces armées de la RDC sur un char vers Sake, à 25 km de Goma, le 23 janvier 2025.

Pòtpawòl lame Kongo a te di Samdi ke "Rwanda detèmine pou sezi vil Goma". Goma se yon gwo vil nan lès peyi a ke sòlda M23 yo preske ansèkle.

M23 a se yon gwoup ame anti-gouvènmantal ke Kigali ap sipòte ak lame li a.

Jeneral Sylvain Ekenge te deklare nan yon nòt pou laprès, "Rwanda detèmine pou sezi vil Goma," li asire ke fòs lame Kongo yo detèmine pou "repouse lènmi an e fe l tounen."