Biya ki gen 91 zan kounya ap dirije Kamewoun depi 41 lane, kote li pa fasil parèt an piblik.
Malgre laj li, chèf leta ki pi granmoun nan mond lan pa ekate posiblite pou l al chèche yon uityèm manda nan pwochen eleksyon prezidansyèl yo ki pwograme pou oktòb 2025.
Li se dezyèm prezidan Kamewoun apre peyi te pran endepandans li nan men Lafrans nan lane 1960.
Li mete kanpe yon rejim bout fè, li nonmen ak revoke moun nan pozisyon kle yo, li kanpe "dan di" kont tout opozisyon, kit politik oswa militè.
Depi apre reyeleksyon li ke opozisyon politik nan peyi a te konteste an 2018, chèf leta a pa parèt fasil an piblik.
Nan moman li soti nan kachèt li, li selman fè kèk diskou televize ki souvan mal anrejistre e li mal pwonose mo yo, menm nan deplasman ofisyèl aletranje li pa vrèman prezan.
Anvan li retounen nan Yawounde (Kapital Kamewoun), dènye fwa li te parèt an dirèk nan televizyon leta CRTV se te depi fowòm koperasyon Lachin-Afrik nan kòmansman septanm 2024 la.
Nan denye ane yo, Paul Biya te fè anpil vizit prive aletranje, swa pou l al pran swen oswa pou vakans nan otèl liksye nan Jenèv, kote opozisyon an te akize l ap depanse anpil lajan ak baz li yo.
Men, absans pwolonje li depi apre li soti Peken bri kouri sou eta sante prezidan an kòmkwa li pa kòdyòm, gen menm rimè ke li te mouri.
An 2018, yon konsòsyòm entènasyonal jounalis envestigasyon, "Organized Crime and Corruption Reporting Project (OCCRP)", te evalye vizit prive li yo aletranje pandan plis pase 35 lane sou pouvwa ak total 4 lane edmi, epi yo evalye depans li yo ak yon total 65 milyon dola.