Pandan deba prezidansyèl Mèkredi a, jounalis CNN Jake Tapper te poze yon kestyon sou imigrasyon. Li mande tou le 2 kandida yo "Poukisa elektè yo dwe fè w konfyans pou rezoud kriz sa a?"
Tandiske nan mwad Desanm nan yon kantite rekò migran te travèse fwontyè sid Etazini ilegalman, bilan an bese depi lè a. Youn nan rezon ki fè sa se yon lòd egzekitif Biden te anonse nan komansman mwad Jyen an ki mete restriksyon pwovizwaman sou elijibilite azil pou moun ki rive sou fwontyè Etazini-Meksik la, lè kantite migran kap travèse ilegalman oubyen san otorizasyon rive a 2,500.
Prezidan Joe Biden ak administrasyon li ap travay pou chanje sityasyon an sou fwontyè a.
"Nou travay di pou jwenn yon antant - bi-patizan (ke Demokrat ak Repibliken apiye) ki tap non sèlman chanje tout sa... mwen chanje l yon fason ke kounyea nou nan yon sityasyon kote gen 40% mwens moun kap travèse fwontyè a ilegalman," Biden deklare.
Biden tap pale de lòd egzekitif li te siyen nan mwad Jyen an ki vize redui kantite moun kap travèse fwontyè a ilegalman.
Trump reponn pa blame Biden poutèt li elimine lwa ki rele Tit 42 a, yon politik sante piblik ki pèmèt Etazini ekspilse rapidman migran yo nan peyi natif natal yo oubyen nan vil sou fwontyè Meksik. Lòd la te an plas pandan pandemi COVID-19 la.
"Li deside louvri fwontyè nou, louvri pòt peyi nou pou moun ki soti nan prizon, moun ki te fèmen nan sant pou moun fou," Trump deklare.
Ajans sou fwontyè Etazini te fè fas ak mwenske 2,400 migran chak jou dapre chif yo pibliye Mèkredi, ki se yon bès 3,800 konparativman ak komansman mwad Jyen an.
Jounalis imigrasyon VOA, Aline Barros ekri vesyon orijinal nouvel sa a an Angle