"Nou te sispann livrezon yon chajman zam semèn pase a. Li gen ladann 1.800 bonm 2.000-liv (907 kg) ak 1.700 bonm 500-liv (226 kg),"
Li di tou : "Nou pako pran yon desizyon final sou sa nou ap fè ak chajman sa a."
Desizyon sa a vini nan moman Washington pa dakò ak yon gwo ofansif twoup Izraelyen yo te prepare pou yo fè nan Rafah.
Washington te moutre klè ke li pa sipòte yon ofansif san yon plan kredib pou pwoteje sivil nan Rafah.
Joe Biden "repete pozisyon klè li" pou Premye Minis Izraelyen Benjamin Netanyahu Lendi a.
Ofisyèl Izrayelyen ak Ameriken yo te diskite sou lòt chwa ki devan yo, men "diskisyon sa yo ap kontinye epi yo pa fin abòde enkyetid nou yo," se sa otorite ameriken an di.
"Pandan lidè Izraelyen yo te parèt pi pre yon desizyon sou yon operasyon konsa, nou te kòmanse egzamine ak anpil atansyon pwopozisyon pou transfere zam ke Izrayèl ta ka itilize nan Rafah. Sa te kòmanse nan mwa Avril," se sa otorite ameriken an eksplike.
Li di tou Washington "te konsantre sitou" sou itilizasyon bonm ki pi lou yo, 2,000 liv, "ak dega ke yo te kapab fè nan yon vil ki chaje ak moun, tankou nou te wè sa fèt nan lòt pati nan Gaza."
Depatman Deta Ameriken ap revize tou lòt transfè zam, tankou itilizasyon bonm presizyon ke yo rele JDAM (ki se yon bonm gide a distans), se otorite a ki pale konsa.
Lame Izrayelyen an deplwaye tank li Madi nan Rafah, kote li pran kontwòl fwontyè ant Gaza ak Ejip epi fèmen de pwen prensipal pasaj pou èd imanitè, ki se Rafah ak Kerem Shalom, e Ameriken konsidere ke sa pa "akseptab".
Repibliken yo kritike desizyon an.
Prezidan Chanm Reprezantan Etazini an, Mike Johnson, pale Madi kont nenpòt mezi ki vize limite èd militè pou Izrayèl.
Johnson te pale ak jounalis yo anvan Etazini te fè anons ofisyèl la.
Li di : "Lè nou te panse se sèlman prezidan inivèsite yo ki sede devan revandikasyon etidyan pro-Hamas yo ki pa fè okenn sans, kounye a se prezidan an li menm ki bloke livrezon minisyon ki pwal jwenn Izrayèl."