Pasyan an, ki gen gen 62 lane, te gen pwoblèm depi lontan kote ren li t ap bay ratman. Li "refè byen" apre operasyon an ki te fèt sa gen mwens ke yon semèn, dapre sa Lopital Jeneral Massachusetts nan Boston te di nan yon deklarasyon.
Yo te deja itilize ren kochon apre yo te fè chanjman nan yo, grefe yo e fè yo mache nan kò moun apre sèvo moun sa yo te mouri.
Pasyan vivan te deja resevwa grèf kè kochon apre yo te fè chanjman nan yo, men moun sa yo te mouri ann apre.
Yo te fè chanjman nan laboratwa pou ògàn bèt sa yo paske chirijyen yo panse ke san sa, kò moun yo gen plis chans pou rejte yo.
Doktè yo te "byen esplike m avantaj ak dezavantaj operasyon an," se pawòl pasyan an, Richard Slayman, jan lopital la te rapòte li nan nòt pou laprès la. Li te di tou nan sitasyon an, "Mwen te wè nan sa pa sèlman yon fason pou ede m, men yon espwa pou ede plizyè milye moun ki bezwen yon grèf ògàn pou yo siviv."
Plis pase 100,000 moun ap tann yon grèf ògàn nan peyi Etazini. Ren se ògàn ke plis pasyan ap chèche.
Sa ki rele xenonogrèf – ki se grèf ògàn bèt sou kò moun – fè anpil pwogrè nan dènye ane ki pase yo.
Premye grèf yon ren kochon nan mond lan nan kò yon moun apre sèvo li te mouri, li te fèt an Septanm 2021, e se chirijyen nan NYU Langone Hospital nan New York ki te reyalize l.